Bòlèt New York - tout sa ou dwe konnen - Lotto.ht (2024)

Jwèt lotri se yon bagay ki popilè anpil an Ayiti. Yonn nan jwèt lotri ki pi popilè yo se Bòlèt New York. Se yon jwèt ki enteresan anpil epi tout ayisyen konnen règleman yo menm si yo pa jwe. Ayisyen yo tèlman pasyone a Bòlèt New York la, yo domi yo reve nimewo gayan yo. Pafwa yo konn menm al chèche èd nan men prèt voudou yo pou yo konnen ki nimewo kap soti. Se chak jou ayisyen ap parye sou Bòt New York epi yo toujou rete sèten ke yap jwenn gwo lo a yon jou kanmenm kap pèmèt yo fè anpil lajan pou ka soti nan mizè. Sa vin fè ayisyen renmen Bòlèt New York la anpil epi yo jwe l’ chak jou.

Kisa Bòlèt New York la ye?

Nou kapab di, Bòlèt New York la se yon jwèt aza rekonpanse kote ou mize 1 oswa plizyè boul sou 100 nan yon evenman yo rele tiraj. Tiraj Bòlèt New York yo fèt de fwa chak jou: yonn a midi edmi yo rele bòlèt midi oswa tiraj New York midi, yon lòt a 7è30 nan aswè ki rele New York swa. Se yon okasyon tanporè ki pèmèt sitou moun ki manke mwayen ekonomik yo nan peyi a, fè lajan rapid sou baz chans. Bòlèt New York se yon tip lotri ki parèt an 1967 nan eta New York Ozetazini. Syèj sosyal la chita kò l’ nan Schenectady epi li patisipe nan sibvansyone edikasyon.

Bòlèt New York se youn nan lotri ki pi popilè Ozetazini ak nan amerik la epi li fè pati de jwèt daza ki pi byen reglemante nan kontinan an tou. Rive an ayiti li jwenn menm popilarite sa epi li kreye anpil anplwa tou. Lè nou byen gade, se pa paske prim li yo pi gwo ki fè ayisyen renmen jwe l’. Men pa gen moun kap vle refize plizyè milyon goud yo mete disponib ak garanti yon djapòt ki vo 3 fwa lavalè. Kèlkeswa kote w ap viv an Ayiti, ou kapab patisipe nan tout tiraj Bòlèt New York yo byen fasil.

Kòman yo jwe Bòlèt New York an Ayiti?

Gen Ayisyen ki jwe Bòlèt New York la sou senp lide ak bon sans yo men majorite Ayisyen mize sou rèv yo ak maji pou yo jwe nan Bòlèt New York la paske ayisyen sipèstisye anpil. Yo leve chak maten ak yon rèv ki asosye ak yon nimewo ki se nimewo ki pral soti nan yonn nan tiraj yo kap fèt pandan jounen an.

Laplipa magazen an Ayiti ofri yon dokiman gid sou rèv ak nimewo bòlèt ki se yon diksyonè yo rele tchala ki pèmèt kliyan Bòlèt New York yo lye sijè rèv yo ak nimewo ki koresponn yo. Si ou reve yon machine. Gen yon nimewo ki la pou ou. Ayisyen yo itilize tiraj "Daily Number″ ak "Pick Four" lotri Eta New York la paske tiraj televize yo granti ke se yon jwèt ki pwòp.

Distribitè Ayisyen yo itilize nimewo ki soti nan tiraj Bòlèt New York yo pou Bòlèt New York Ayiti a. Jwè bòlèt ayisyen yo ka genyen lè yo tire 2 dènye chif osinon 3 chif nan Daily Number New York la ki mande New-Yorkais yo tire yon nimewo 3 chif.

Nan Bòlèt New York la an Ayiti, ou ka jwe 1 oswa plizyè nimewo sou 100 nan Bòlèt New York senp lan. Bòlèt la gen 3 lo (1e, 2e, 3e) ki se 3 nimewo ki soti nan tiraj la. Yo konsidere ou genyen si nimewo ou a/yo fè pati de 3 nimewo ki soti nan tiraj la. Gen posibilite pou genyen tou lè w parye sou klasman nimewo nan "Pick Four" ki mande pou New-Yorkais yo jwenn yon nimewo ak 4 chif.

Sou yon paryaj 5 goud maryaj pè yo ka bay jiska 5000 goud. Lè ou fin jwe yon boul, tout sa ou dwe fè se rete tann rezilta tiraj Bòlèt New York la pou konnen si ou fè pati gayan yo.

Règleman Bòlèt New York

De manyè jeneral Bòlèt New York la reglemante pa LNEH (Lotri Nasyonal Leta Ayisyen) ki bay tout distribitè nan peyi a otorizasyon pou fonsyone. Règleman ki plis inivèsèl yo se entèdiksyon pou minè patisipe nan jwè la ak otorizasyon pou machann yo vann biyè lotri. Apre sa Bòlèt New York la pa vrèman gen yon règ an Ayiti. Sèl sa ou gen pou fè se rantre nan yon magazen lotri, achte fich ou avan lè tiraj New York la rive epi tann ki boul kap soti.

Kijan pou verifye rezilta Bòlèt New York la?

Wap jwenn rezilta Bòlèt New York yo sou sit entènèt distribitè otorize yo, ak nan laprès ayisyen yo. Epi yo afiche tou kay detayan kap vann fich lotri yo. Anpil estasyon televizyon nan peyi a bay rezilta Bòlèt New York la. Rezilta bòlèt midi a bay a midi edmi epi rezilta Bòlèt New York swa a bay a 7è nan aswè, chak jou.

Kijan rezilta Bòlèt New York ka chanje lavi w’?

Majorite jwè lotri ayisyen yo se moun ki gen yon fèb mwayen pou viv. Se rèv tout jwè lotri ayisyen pou yo rive fè yon gwo lo nan Bòlèt New York la pou sitiyasyon lavi yo ka chanje. Yon gayan Bòlèt New York ap reyaji yon fason diferan devan richès selon yon rechèch sikolojik. Etid la revele ke moun yo gen tandans rete menm jan an apre yo fin genyen yon gwo lo nan Bòlèt New York la. Gen an gayan yo ki konn rive kite travay yo apre yo fin fè yon gwo lo bòlèt.

Gayan Bòlèt New York yo gen tandans ogmante konsomasyon yo, men yo konsève menm idantite ak relasyon sosyal yo te gen anvan yo. Men genyen nan Bòlèt New York ka chanje laviw reyèlman pou lontan si ou chwazi adopte estrateji finansye kap pèmèt ou konsève sa ou genyen an, jere finans ou yo ak relasyon yo. Anpil gayan fini pa satisfè de modèl vi yo vin genyen an apre yo te fin genyen yon gwo lo nan Bòlèt New York.

Prim Bòlèt New York yo – Konbyen ou ka genyen?

An Ayiti, prim Bòlèt New York yo depan de kantite kòb ou te jwe a. Gen twa boul ki tire nan bòlèt la yo rele lo ki se: 1e lo, 2e lo, 3e lo. Chak lo sa yo gen yon prim diferan swivan kantite kòb ou te jwe a. Premye lo a egal a 60 fwa kòb ou te jwe a, dezyèm nan egal ak 20 fwa epi twazyèm nan egal ak 10 fwa kòb ou te jwe a. Gen distribitè ki peye premye lo a 50 fwa lavalè kòb ou te jwe a, men sa se yon desizyon ki depan de pwopriyetè espesyalman. Si ou rive jwenn tou lè 3 lo yo lè sa a ou fè dekabès ke yo rele tou se djapòt ki se rèv tout jwè Bòlèt New York.

Prensip la se toutotan ou jwe pou plis kòb se toutotan wap genyen plis kòb sa vle prim ou an ap plis.

Ki jan ou ka ogmante chans ou genyen pou genyen nan lotri New York?

Gen plizyè fason ayisyen yo ogmante chans yo nan Bòlèt New York la. Ou ka itilize yon seri de taktik efikas kap pèmèt ou genyen pi fasil nan Bòlèt New York la: Lè w ap chwazi boul yo, fè yon melanj relativman pè ki fèt ak boul pè ak enpè.
Ou ka gade nan lis ansyen boul ki te konn genyen nan Bòlèt New York la, pou ka wè ki boul ki konn prezante pi plis nan tèl ou tèl data k kiyès kip a konn soti nan dat sa.

Mete nan tèt ou ke teknik sa yo pa baze sou okenn prensip ni règleman men sou experyans ak bon sans. Paske Bòlèt New York la se yon jwèt aza ki jis ke rezilta yo baze sou yon senp chans.

5 pi gwo erè pou evite fè lè ou genyen tiraj Bòlèt New York la:

  • Pa bliye Rèv ou te toujou anvi reyalize yo

  • Pa prese reklame pri a

  • Pa jere tout bagay oumenm sèl si ou pa gen okenn lide nan domèn finans

  • Evite depanse anpil kòb nan plezi

  • Pa mache di sa toupatou

Pi bon altènatif pou Bòlèt New York

Pa gen dout nan sa, tiraj New York la vrèman atire tout fanatik lotri ayisyen yo. Nou ka di Bòlèt New York se youn nan pati ki pi enpòtan nan kilti ayisyen an, men chak jou nouvo jwè yo deside tcheke nouvo mak lotri ki genyen nan peyi a - Loto Ayiti. Sa a se pi bon altènatif la pou tiraj New York la, paske isit la yon jwè ka genyen pi gwo lajan kòm prim epi patisipe nan lotri ki pi modèn ki disponib sou entènèt la.

Loto Ayiti se yon mak gouvènman ayisyen an apwouve totalman, kidonk tout lotri ki disponib nan Lotto.HT yo se lotri ofisyèl sou entènèt an Ayiti. Ki sa ki plis - Loto Ayiti se premye lotri nasyonal sou entènèt, ki te kreye pou tout Ayisyen. Yo itilize pou tiraj yon True Random Number Generator konsa tout nimewo yo genyen 100% chans pou yo chwazi yo. Sa vle di ke tiraj Loto Ayiti yo jis epi ou ka fè yo konfyans!

Sou sit Lotto.HT a genyen de lotri ki enteresan anpil ki disponib kounye a: GG World Keno a ak GG World Million. Tout ayisyen ki majè ka achte tikè yo sou entènèt sou sit ofisyèl la ak offline lè yo itilize sèvis ajan otorize nan Loto Ayiti yo. Tiraj GG World Keno fèt chak 4 minit chak jou. Yon jwè ka chwazi 1 a 10 nimewo epi deside parye (1 a 10). Si yon jwè chwazi 10 nimewo epi chwazi parye 10 fwa - li ka genyen 25,000,000 HTG!

Tiraj GG World Million yo fèt de fwa nan yon semèn - nan Madi ak nan Vandredi. Yon jwè dwe chwazi 5 nimewo debaz ak 2 nimewo GG. Gwo lo minimòm lan se 90,000,000 HTG epi li ka grandi jiskaske omwen yon jwè genyen premye pri a. Si rezilta ofisyèl bòlèt la se chans pa yon jwè lotri ayisyen - lavi li ap chanje imedyatman gras a pi gwo lo an Ayiti a!

Li enpòtan pou nou presize ke Loto Ayiti pa sèlman yon nouvo chans pou patisipe nan tiraj lotri a ak pou genyen lajan. Se yon nouvo mak ayisyen ki ofri djòb tou pou tout ayisyen ki majè ki ta renmen travay pou yon lotri nasyonal ofisyèl epi fè lajan nan vann tikè yo. Si ou vle konnen plis bagay sou òf travay - li nòt sou ajan de vant Loto Ayiti yo, rantre nan ekip la jodi a epi fè lajan demen!

Bòlèt New York - tout sa ou dwe konnen - Lotto.ht (2024)
Top Articles
Latest Posts
Article information

Author: Eusebia Nader

Last Updated:

Views: 6325

Rating: 5 / 5 (60 voted)

Reviews: 83% of readers found this page helpful

Author information

Name: Eusebia Nader

Birthday: 1994-11-11

Address: Apt. 721 977 Ebert Meadows, Jereville, GA 73618-6603

Phone: +2316203969400

Job: International Farming Consultant

Hobby: Reading, Photography, Shooting, Singing, Magic, Kayaking, Mushroom hunting

Introduction: My name is Eusebia Nader, I am a encouraging, brainy, lively, nice, famous, healthy, clever person who loves writing and wants to share my knowledge and understanding with you.